Jounen jodi n’ap viv nan yon sistèm savann. Tout moun nèt ap evolye nan sistèm savann sa-a kit moun sa-a sove ou pa.
Dayè, si yon moun vle fè levanjil, nan tèritwa ke Bondye mete anba kontwòl li-a, fòk li dakò pou-l’ mete lòd premyèman nan lavi-l’.
Fòk moun sa-a mete lòd ak disiplin nan tèritwa lap viv la ansanm ak lavi timoun yo yon fason pou atmosfè savann lan pa rantre vin fè ravaj nan kay moun sa-a.
Sistèm savann sa-a se yon sistèm imoral, pèvès, ki domine ak tout kalite depravasyon. Pa gen okenn lod biblik, li san strikti, pa gen yon moralite biblik k’ap gouvène konpòtman lòm.
Tout regleman ke Bondye enpoze pou kontwole sa ke lòm ka fè, sa ke yo paka fè, ak fason yo dwe fè sa yo vle fè nan yon fason ki an amoni ak volonte-l’ pa gen enpòtans nan sistèm sa-a.
Paske tout moun vle fè sa yo vle. Tout moun vle fè sa ke yo wè yo ki bon nan pwòp je pa yo. Se yon kesyon de aji nan yon fason ki koresponn ak vye dezi chanèl k’ap manifeste nan yo.
Mantalite
Gen moun ki gen yon mantalite a lanvè k’ap domine panse yo. Se yon mantalite rebèl ki toujou opoze ak sa Labib di. Se yon mantalite ki refize yo soumèt ak otorite Pawòl Bondye-a.
Yon moun konsa pa janm nan yon dispozisyon pou-l’ resevwa laverite Pawòl Bondye-a nan sans pou-l’ kite Pawòl la transfòme lavi-l’. Se tankou yon moun ke mantalite-l’ vin enpèmeyab nan sans ke Pawòl Bondye-a pa ka penetre-L’.
Yon moun ke vi-l’ domine pa tip mantalite sa-a, pot pou Pawòl Bondye-a rantre nan lespri yo yon fason pou-L’ enfliyanse volonte-l’ sanse femen konpletman. Pawol la oblije rebondi paske-L’ paka jwenn yon ouveti pou-L’ ka fe travay li nan lavi moun sa-a.
Moun sa-a gen dwa tande, men-l’ tande ak yon entansyon pou-l’ pa resevwa anyen nan sa ke Pawol la di.
Se yon moun espri-l’ sal, antotye, ak anpwazone ak vi peche, imoral l’ap mennen. Se yon moun ki konsevwa fiti-l’ nan sans ke fo-l’ kontinye ap pratike peche ke l’ap pratike-a paske li vin devlope yon depandans sou fason l’ap mennen vi-l’.
Se yon moun tou ki pa gen okenn kapasite pou-l’ eseye konprann yon mod vi kote pou-l’ abandone tout sa-l’ ke-l’ te konn pratike ke-l’ te renmen.
Menm si l’ap kontanple repanti, men se toujou nan sans le-l’ fin rejwi kont plezi-l’ nan lemond, le-l’ fin rasazye, oubyen le-l’ fin fe tout sa-l’ te gen pou-l’ fe la remet vi-l’ a Kris.
Men li pa janm rann kont ke tank l’ap kontinye pratike peche abityel sa yo, se plis peche sa yo ap pran kontwol vi-l’. Se plis Satan ap kenbe-l’ an kaptivite.
Se plis vi-l’ pral depann sou vi peche ke-l’ ke l’ap mennen. Se plis l’ap rann kite peche vin pi difisil. Se plis moun sa-a pral fe neglijans ak nanm li.
Kominike Ak Yo
M’ rete konfidan ke genyen anpil nan nou ki gen tan kite paj sa-a oubyen ki gen tan pre pou femen paj sa-a paske sa m’ap di nou-an pa an amoni ak sa fos sa-a k’ap enfliyanse lavi-n’ ta vle pou-n’ tande.
Ou ap mande, koman m’ fe konn sa-a? M’ te konn santi-m’ menm jan avek nou a yon pwen. Menm santiman rebel, kouri pou Bondye, pa vle fe fas kare ak verite pawol la. Se sa-k’ te konn ap enfliyanse-m’.
M’ vle pou-w’ tande yon bagay k’ap rete ave-w’ etenelman.
Dlo k’ap desann
Gen anpil moun jounen jodi ki mennen vi yo tankou se yon ti moso bwa k’ap flote sou yon dlo. Nan ka sa, bout pwa pa detemine ki direksyon l’ap pran.
Men se fason dlo ap mouvmante selon kouran oubyen van k’ap vante k’ap enfliyanse oubyen detemine direksyon ti bout bwa dwe pran.
Malgre moun sa yo gen volonte, se ak menm volonte sa yo chwazi fe tout desizyon terib ke yo fe diran vi yo, men yo vin tankou moun ki programe pou yo aji oubyen swiv enfliyans demonyak k’ap egzese sou yo.
Volonte yo vin anba kontwol enmi-an. Yo vin sans defans. Gen yon fos demonyak anba chal k’ap pouse yo aji oubyen viv yon seri de fason. Malgre vi y’ap mennen-an se yon vi ki imoral, men yo anbrase vi sa kom yon vi ki nomal.
Moun sa yo viv tankou moun ki pedi bon sans yo. Yo pedi sans moralite yo. Yo pa bay repitasyon yo okenn vale ditou.
Se vye foli ak pasyon lache yo kite k’ap gouvene lavi yo. Y’ap fe desizyon oubyen aji tankou moun ki pa gen okenn kapasite pou yo panse.
Moun sa yo lage ko yo nenpot kijan. Yo fek kwaze ak yon moun, yo gen tan foure ko yo anba-l’.
Konsey
Sak fe moun pa vle tande bon konsey se paske lespri yo gen tan ranpli ak tout kalite vye entansyon ki konekte ak vi rebelyon ke yo vle kontinye mennen ki an kontradiksyon ak bon konsey ke moun ap bay yo. Pil vye entansyon sa yo vin fe tet moun sa yo di.
Ebyen, pou bon konsey sa yo ta kapab gen yon enpak o nivo enfliyanse moun sa yo, li mande fok yo ta oblije chwazi sakrifye oubyen depouye yo de tout movez entansyon sa yo k’ap domine lespri yo yon fason pou yo ta kreye yon plas pou yo ta ka akomode bon konsey ke moun ap bay yo.
Men piske yo pa gen okenn entansyon fe sa-a, bon konsey vin pa gen okenn enpak sou lavi yo. Si se yon moun yo gen respe pou li, yo ka pretann ke yo tande konsey ke moun sa ap bay yo, men yo pa gen okenn entansyon pou yo mete an aplikasyon konsey sa yo.
Yo femen pot lespri yo pou bon konsey sa yo pa penetre. Panse moun sa yo vin enpemeyab.
Depi panse lom lan gen tan genyen yon entansyon ki aktif, li p’ap enterese fe yon bagay ki kont sa-k’ nan entansyon-l’ pou moman.
Panse-l’ gen tan okipe ak pwop ajanda-l’, p’ap gen spas pou ajanda Bondye. Li p’ap dako vre pou-l’ abandone oubyen rejte entansyon ki te nan panse-l’ yon fason pou-l’ soumet li anba otorite Bondye.
Kidonk, sa-k’ nan panse-l’ la, se li menm l’ap fe.
Le-w’ bay lom lan bon konsey, yo tande byen pwop. Yo konprann tou, men yo pran proz yo pa konprann oubyen tande paske sa-w’ di-a pa an ako ak sa yo vle fe-a.
Yo gen tan gen pwop entansyon pa yo deja, yo p’ap dako pou yo chanje ide yo.
Pwoblem Konsey
Gen moun ki p’ap janm ka tande konsey paske anndan tet yo gen anpil movez entansyon ki baze sou sa yo konn fe, sa y’ap fe, ak sa yo planifye pou y’al fe ki an mosyon nan panse yo.
Kidonk, entansyon sa yo aji nan yon sans ki opoze ak verite. Sa vin rann ke verite-a pa ka jwenn plas li nan lavi yo.
Gen yon bagay ki kont verite, kont bon konsey ki gen tan okipe panse lom lan deja.
Anpil fwa, ou konseye yon moun de yon bagay ke l’ap fe ki pa bon, moun lan byen tande konsey ke-w’ ba li-a menm le-l’ pran preteks li pa tande.
Pwoblem lan se paske panse moun sa gen tan okipe pa yon lot fom entansyon. Moun sa gen tan gen pwop ajanda-l’ ki pwograme deja.
Sa-k’ nan tet li, se li l’ap fe.
Gen benediksyon le-n’ tande moun ki pi saj ke nou k’ap oryante-n’ nan bon direksyon.
Anpil fwa, le moun ap konseye lom lan, yo ajite. Bon konsey y’ap ba yo-a vin sevi yon nwizans pou yo.
Kidonk, yo santi yo deranje.