Bondye se Ou menm ki kreye “tan” kom Kreyate siprem inive-a. Ou gen yon kontwol siprem sou tan ki konekte oubyen k’ap domine lavi lom ak mond materyel sa. Ou gen kontwol sou chak segond, minit, ed tan, jou, semen, mwa, ane, deseni, syek, ak milene.
Omniprezans, omipotans, ak omnisyans Ou kouvri tout perimet oubyen dimansyon tan. Twa gran atribi sa yo layite sou tan ke lom ap viv la. Domen ke Ou ap opere-a ki se letenite se yon domen ki pa deyo tan. Se yon prezan etenel li ye.
Se yon domen ki te egziste avan menm Ou te kreye tan. Se yon domen ki nan yon dimansyon ki pi wo pase tan. Anplis, se yon domen ki enfliyanse non selman tan, li gen yon enfliyans sou sa k’ap fet atrave tan-an.
Tan sanse ap dewoule devan je-W’. Ou konn tout bagay komanse nan pase ale nan fiti, ak nan fiti ale nan pase. Ou pa non selman konn tout sa ki gen pou fet paske Ou omnisyan, men Ou konn tout bagay paske prezans Ou etabli nan tout entegralite tan-an.
Avan menm ke fiti-a devni prezan, prezans Ou te gen tan la. Sa vle di prezans Ou gen tan etabli nan tout fiti ki gen pou vini-an menm jan ke-l’ etabli nan pase, ak prezan.
Ou ap renye sou 3 gran aspe ki konstitiye tan: pase, prezan, ak fiti ak yon otorite ki san limit. Inive-a ak tout sa ki ladan-l’ ki konekte ak tan sanse nan 2 pla men-W’.
Tout sa ke lom lan ap fe nan mond sa sanse fet nan tan oubyen selon tan. Si lom lan kapab we yon segond anplis, se paske Ou pemet li we-l’.
An reyalite, se pa li menm ki vreman we-l’ selon pwop inisyativ pa-l’, men se gras a Ou, menm si moun sa pa-t’ bay enpotans ak egzistans Ou.
Pwiske tan anba kontwol Ou, si lom lan franchi oubyen mache nan tan k’ap vini-an l’al fe yon bagay, sa pa pran-W’ pa sipriz.
Ou we lom lan ni nan moman l’ap planifye ak la, menm prezans sa-a te gen tan kouvri oubyen devanse moman ke-l’ pral komet ak la.
Menm jan Ou pemet yon bagay fet, se konsa tou Ou gen tout dwa-W’ pou Ou bloke-l’ pou nenpot rezon.
Tout bagay sanse komanse nan mond envizib la ki se yon mond miltidimansyonel. Yo selman debouche oubyen manifeste nan tan.
Prezans Bondye
Gen yon prezans Bondye genyen ki konekte ak omniprezans Li ki rann Li tout kote alafwa. Genyen yon entèkoneksyon ant twa gran atribi ki fè Bondye sa-L’ ye-a. Omniprezans Li ki konekte ak omipotans ansanm ak omnisyans Li.
Tout bagay kòmanse ak omnisyans Bondye ki pèmèt Li planifye an detay tout sa-L’ te gen pou-L’ kreye, koman y’ap ye, ki materyel k’ap konpoze yo, fonksyonalite ak kapasite yo, ak plas y’ap okipe nan inive-a. Bondye te gen plan tout kreyasyon-an nan panse-L’ atrave omnisyans Li sou fom yon bagay ki te gen tan materyalize deja akoz omnisyans Li depase domen tan. Omnisyans Li depase pwen materyalizasyon yon plan-L’ ke-L’ genyen.
Omniprezans Li ranpli domèn oubyen spas vid sa pa-t’ gen anyen ladan-l’.
Omipotans Bondye manifeste oubyen materyalize tout sa-k’ te gen tan planifye atravè omnisyans Li nan menm domèn oubyen spas ke omniprezans Li te deja okipe.
Prezans sa etabli tou patou nan inivè-a kòm yon enfliyans. Bondye pa bezwen manifeste prezans Li yon kote pou-l’ konn sa k’ap pase paske prezans sa la depi avan menm inivè-a te kreye. Kidonk, inivè-a jwenn egzistans li atravè prezans sa-a ki pozisyone, aranje, ak òganize mond materyèl la jan-l’ ye-a. Se atravè prezans sa-a, Bondye ap veye sou tout ti eleman ki konpoze mond materyèl la.
Men gen yon lòt dimansyon prezans ki baze sou yon relasyon entim ak Bondye. Atravè prezans sa-a, Bondye an pesòn vin abite oubyen demere nan lavi lòm lan. Atravè prezans Sent Espri-a, ni Papa ak ni Piti la yo pran rezidans yo nan lavi kwayan.
Gen yon lòt dimansyon prezans ki se prezans manifeste Bondye. Sa se Bondye k’ap aji menm an fonksyon glwa ke pèp Li ap oryante anvè Li menm.
Prezans sa manifeste nan mitan pèp Li atrave adorasyon, louwanj, lè y’ap lapriyè. Se prezans sa moun k’ap pwoklame Pawòl la konn santi lè y’ap preche. Se yon prezans ki toujou prè pou-l’ atake pwisans dyab la. Se yon prezans lè l’ap manifeste, li prèt pou chase tout vye fòs demonyak ki opozan.
Glwa Bondye se yon eleman ki trè presye pou Bondye. Se rezon sa ki fè-L’ pa pataje-l’ a pèsòn. Glwa Bondye se esans egzistans ak nati-L’ kòm Kreyatè siprèm tout sa ki egziste kit li vizik ak envizib.
Glwa-L’ se eleman ki fè Bondye sa ke-L’ ye-a. Glwa se yon eleman ki anglobe tout karakteristik ki nan Bondye.
Andann glwa Bondye, ou jwen omnisyans, omniprezans, ak omnipotans Li. Glwa Bondye se yon ekspresyon grandè-L’, yon manifestasyon prezans ak sentete-L’.
Bondye te kreye tout bagay pou pwòp glwa-L’. Bondye atravè tout konesans Li, sajès Li, konpreyansyon, ak pwisans Li ki ranfème atravè glwa-L’ chwazi eksprime-L’ atravè sa ke-L’ kreye.
Kreyasyon-an sèvi kòm evidans grandè Kreyatè-a. Bondye kreye zanj ak lòm ak yon kapasite pou yo kontanple ak admire grandè Kreyatè-a’ epi rann glwa a Li menm ki merite tout glwa ak lonè. Glorifye Bondye se egzalte grandè Bondye.
Kontwol
Ou gen kontwol sou tout obje k’ap deplase nan mond materyel la. Ou gen kontwol sou avyon, tren, machin, moto, bekan, elatriye.
Yo tout ap opere nan spas ke-W’ te kreye. Tout konpoze de matye ke-W’ te kreye. Yo tout predispoze a lwa fizik ke-W’ etabli. Ou gen otorite sou obje sa yo.
Pwoteksyon
Moun ap pale ak konfidans konsenan priye yo ka fe pou pwoteje tet yo kont male oubyen atak fizik ak spirityel. Tankou resite yon priye avan-w’ soti kote menm ta gen yon gran konfli ki ta pral leve, se le-w’ fin pase deblozay la ka fet.
Si pwisans dyab la ki limite ka fe sa, panse ak pwisans Bondye ki san limit.
Piske m’ kache an Kris, non-m’ ekri nan liv la vi-a, ke pwisans Bondye kapab aji kont tout malfekte ak dyab k’ap site non-m’ mal.
Benediksyon
Gen moun k’ap bay ki preske pa we anyen an retou.
Wol Chak Manb Trinite
Tout bagay ki egziste oubyen tout sa Bondye ap akonpli jwenn orijin yo nan Bondye Papa. Li planifye an detay oubyen inisye tout sa ki gen pou fet selon tout konesans Li, sajes Li, ak volonte-L’.
Kris ki se Ajan atrave Li menm Papa akonpli tout volonte-L’. Jezi Kris gen wol pou-L’ aktive plan Papa. Se Li menm ki mete plan an mosyon oubyen mete-L’ nan yon faz kote-L’ pre pou-L’ materyalize.
Sent Espri Bondye ki jwe wol ekzekite volonte Bondye ki demere atrave Pitit la pran plan epi-L’ materyalize jan Bondye vle-L’ la oubyen jan-L’ te planifye-l’.
Pawol ki pwononse pandan kreyasyon-an gen ladan-L’ komand, volonte Bondye, oubyen dekre konsenan sa-k’ pral fet.
Pawol la se yon reprezantasyon Jezi Kris atrave Li menm volonte Papa demere. Pawol sa konekte ak sa ke Bondye te gen tan planifye. Pawol sa se yon reprezantasyon jeneral tout plan kreyasyon-an.
Lespri Bondye ki se Ajan atrave-L’ pwisans Bondye demere pwovizyone pwisans pou ekzekite Pawol sa pou-L’ devni yon reyalite.Father, Son, and Spirit are identical in Their attributes, so if the Father exercises His omnipotence to create, the Son and the Spirit do so as well because the omnipotence of the Father is the omnipotence of the Son is the omnipotence of the Spirit.